Yon latriye elèv lekòl blese anba kout zam bandi sangwen nan Latibonit

629
6
Share:
TRiboLAND

10 – 21 – 2024

Lestè, Ayiti_____(TRiboLAND) Ensekirite a ap bay anpil lawouli nan Lestè, depatman Latibonit lan, kote yon gwoup bandi sangwen atake yon lekòl kongreganis. Gwoup gang “5 Etwal” ki se alye gang “Kokorat San Ras” yo ki achte rejyon “Ba Plato” a lajan kontan, arive tire yon katafal kout zam sou lokal enstitisyon presbiteral la e kreye latèrè ak sènn panik ou leve kouri.

Yon latriye elèv ak paran blese tèt nèg anba men tèworis yo ki te san pitye. Viktim yo ki te transpòte nan lopital Sen Nikola nan vil Sen Mak, kote lapolis nan dènye jou sa yo arive mete kòd nan tèt plizye sangwen.

Nap raple, atak sila sou lekòl la ki koz yon paran mouri, se pami yon seri atak san mèsi kap miltipliye depi kèk jou nan depatman Latibonit yo. Zak vyolans ap etann yo divès rejyon; sitiyasyon ki lage yon bon valè nan popilasyon an nan kouri, anba je san koutcha kap dirije yo.

Share:

6 comments

  1. Duverny 27 January, 2025 at 22:37 Reply

    Pou ap redi pou yon bagay nan sosyete a ale lekòl fè tout tan ap travay yon bon jou bandi touye ou anba bal kote espwa fanmiy sa koman ap fe genyen yon edikasyon serye nan peyi sa
    Triboland la tortue montry

  2. Duverny 27 January, 2025 at 22:38 Reply

    Mesaj pou bandi lè nou ap tiye espwa peyi a konsa lè nou malad kiyès kap ban nou swen nou paka ale nan lòt peyi yo
    Triboland la tortue montry

Leave a reply