Kòdonatè MOPOD branch Nòdwès la mande pèp ayisyen an rete vijilan fas ak fòm konferans Nasyonal CPT- Conille lan.

08 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Kòdonatè rejyonal MOPOD la, Mèt David Jean Baptiste, mande ak pèp ayisyen an rete vijilan fas ak fòm konferans Nasyonal CPT- Conille lan vle inisye andedan peyi a.
Lidè politik la wè fòm konferans Nasyonal CPT- Conille lan kòm yon konplo Nasyon Tèt Kole yo an patikilye Etazini, Frans, Kanada nan tèt kole ak trèt politik yo pou fini ak peyi a. Mèt David Jean Baptiste kontinye pou li di, se G9 an fanmiy ak alye Anbasad amerikèn ak BINUH, Viv Ansanm ki dèyè fòm konferans pope twèl sa a pou fini ak pèp ayisyen an.
Plede anfavè konferans Nasyonal la depi plizyè lane, pou kòdonatè MOPOD branch Nòdwès la, se pa fòm konferans Nasyonal maske sa a yo t’ap pwone a, saki lakoz dapwè Mèt la li pap pote okenn rezilta pou pèp la.







BaddieHub I truly appreciate your technique of writing a blog. I added it to my bookmark site list and will