Meri Senlwidinò a òganize yon gran rankont avèk tout ajan polis minisipal yo.

08 – 06 -2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Mè prensipal komin Senlwidinò a òganize yon rankont ak tout ajan polis minisipal yo nan otèl “Toi et Moi”, lendi 05 out 2024 la.
Selon majistra Gaston Estima, rankont sa òganize nan objektif pou etabli yon seri pwensip nan mitan kò a, epi pou ranfòse nivo fòmasyon ak pèfòmans chak grenn manm nan kò a.
Majistra Gaston Estima plede anvavè yon seyans fòmasyon ak direktè depatmantal PNH la pou fasilite travay ekip minisipal la ki se yon trezò pou popilasyon nòlwizyèn nan.






