Administrasyon kominal Pòdpè a mande tout moun ki gen machin anpàn nan lari a, pou retire yo

08 – 04 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon avi ki date premye dawout, ajan egzekitif enterimè Pòdpè yo rann piblik, yo anonse tout moun ki gen machin ki anpàn ki kanpe bò lari a, yo gen 10 jou fran pou retire yo. Si mèt machin yo pa retire yo, Lamèri ap pran desizyon remoke yo.
Ajan egzekitif enterimè yo pa bay oken mezi yap pran anplis aprè yo ta fin remoke yon machin ki kanpe nan lari a. Konsa, yo deklare ke yo pran mezi sila paske machin ki pake sou vwa piblik la ap fè depotwa e koze gwo aksidan.
Nou pa konnen si desizyon ekip konteste kap fè jwèt manje tè ak Mèri Pòdpè a depi plis pase 8 lane, ap ka kenbe paske divès moun nan site Kapwa Lamò a ta plis renmen wè Josué Alusma ak tout akwolit kòwonpi li yo rache manyòk li bay Mèri a blanch.
Akote sa, kèk lòt moun ta sispèk se yon lòt filyè lajan ou yon lòt sous kòripsyon ke ekip kòwonpi ensinifyan Meri Pòdpè ap anvizaje.







Félicitations fondation triboland
Triboland la croix port de paix
Bethesda
Yes, bon bagay. Mw felisite PDG papa Loulou pou si bèl travay l ap fè nan kominote a.Monben kwochi
TRIBOLAND FOR LIFE…
PAPA. LOULOU , GOD BLESS YOU. 🙏💥
TRIBOLAND. FOR. LIFE
PAPA LOULOU. GOD BLESS YOU 💥🙏