Lapolis nan vil Gonayiv mete anba kòd yon chofè minibis ki nan livre moun bay baz Kokorat San Ras.

501
0
Share:
TRiboLAND

 
07 – 25 – 2024

Gonayiv, Ayiti___(TRiboLAND) Lapolis nan vil Gonayiv mare kou krab yon chofè tibis ke yo te genyen antèn sou tèt li. Enfòmasyon yo ta fè kwè chofè reselè a, te toujou genyen koneksyon ak baz Kokorat San Ras epi livre plizyè sitwayen bay asosyasyon kriminèl la.

Konsa, fòs sekirite yo arive jwen nan telefòn sangwen an, tout mesaj kote li abitye ap pale ak baz Kokorat San Ras epi livre moun ki gen abitid vwayaje abò minibis misye konn kondwi a.

Nap raple w, se pa premye fwa chofè minitibis kap chaje nan vil Gonayiv pran direksyon Senmak yo, fè wout kwochi ak malere pasajè e kidnape yo pou baz Kokorat San Ras yo.

Popilasyon an ap mande tout moun kap vwayaje nan dènye tan sa, fè anpil pridans ak chofè minibis yo kap travay pou baz Kokorat San Rat.

Share:

Leave a reply