Popilasyon Giyèt nan komin Jan-Rabèl mande responsab yo nan depatman Nòdwès la, pou bay esplikasyon sou konstriksyon pon an.

07 – 05 – 2024
Jan-Rabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Popilasyon Giyèt, komin Janrabèl nan depatman Nòdwès la, ap mande responsab yo nan TPTC ak lòt fim ki te gen kòb nan men yo pou konstwi pon sou Ravin Giyèt la.
Selon enfòmasyon ki rive jwenn sal nouvèl TRiboLAND, pon sa ki trouve l sou wout nasyonal ki relye Jan-Rabèl ak Pòdepè te deja gen anpil materyèl ki te kòmanse sou plas pou konstriksyon an. Yon bon maten popilasyon an leve yo pa wè ni matryèl, ni responsab yo ankò ki disparèt kon yon kout eklè.
Popilasyon Giyèt mande responsab eskanmòtè yo nan depatman Nòdwès la, ba yo esplikasyon sou disparisyon materyèl konstriksyon pon an ak tout lajan pwojè a.







Popilasyon Giyèt mande responsab eskanmòtè yo nan depatman Nòdwès la, ba yo esplikasyon sou disparisyon materyèl konstriksyon pon an ak tout lajan pwojè a.
Triboland Mombin-Crochu
Your point of view caught my eye and was very interesting. Thanks. I have a question for you.