Patriotisme National d’Haïti pwoteste kont yon nouvo okipasyon nan peyia

271
0
Share:
TRiboLAND


06 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Pati politik PANH pwoteste jounen madi 25 jen 2024 la, kont yon nouvo okipasyon nan peyi Dayiti. Pati PANH mande pou pèp la rete kalm epi priye pou solèy jistis la ka retounen klere sou peyia.

Sa nap viv la se rezilta otorite yo: gouvènman ki pase yo, senatè, depite, enjistis nan aparèy jistis la ki mete nou la. Olye moun sa yo te travay pou byennèt popilasyon an, yo te pito ame jèn fanm ak gason nan tout kwen nan peyia.

Pati politik PANH trè enkyè ak pridan nan vini fòs miltinasyonal la, kote anviwon 400 polisye kenyan debake nan peyia si nou ta kwè deklarasyon Pastè Moïse Louis ki se Prezidan estrikti sa.

Pèp Ayisyen swaf soulajman paske plizyè ane Leta ajenou, se bandi sèlman ki gen lavwa ochapit. Divès sitwayen kesyone rezilta fòs lòd yo nan tèt kole ak fòs la, konsa gen anpil moun tou ki rete kwè ap gen yon soulajman pou lavi reprann nan la Repiblik.

Share:

Leave a reply