Pwogram Imanitè Joe Biden nan, frape fò biwo enstitisyon enspeksyon eskolè nan komin Tigwav.

283
1
Share:
TRiboLAND

06 – 19 – 2024

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Enspektè enspeksyon eskolè Gran-Gwav ak Tigwav, Jean Mario Gibbs, nan yon interview ak repòtè TRiboLAND nan biwo li, deklare mèkredi 19 jen 2024 la ke enstitisyon lap dirije a pran gwo kou, akòz plizyè kad nan biwo a ak pwofesè lekòl ki pati kite pòs yo, ale nan pwogram Imanitè Joe Biden nan.

Enspektè Mario fè konnen, yo pèdi plizyè kad anndan biwo a, ak divès pwofesè lekòl. Enspektè a esplike rezon ki lakoz anplwaye yo pa chwazi ekri ni pale ak moun ki nan biwo a, avan yo pati, se paske yo vle pou yo toujou kontinye ap touche chèk yo pandan ke yo kite peyi a.

Responsab enspeksyon eskòlè komin Gran-Gwav ak Tigwav la, Jean Mario Gibbs, deklare li deja pwodwi rapò li bay  Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Profesyonèl sou dosye a yon fason pou ranplase anplwaye ak pwofesè sa yo prese-prese ki pati nan pwogram Imanitè Joe Biden nan.

Share:

1 comment

Leave a reply