Divès sitwayen nan 12e seksyon kominal Tigwav lanse yon alèt ak Lapolis kont plizyè Lèwon k’ap sikile ak gwo kagoul

355
1
Share:
TRiboLAND


06 – 19 – 2024

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou anpeche gang kriminèl vin tabli baz yo nan komin Tigwav, plizyè sitwayen nan Boudo-Dirisi, 12èm seksyon kominal Tigwav, lanse yon alèt bay lapolis ak lajistis, kote plizyè gwo lawon ap banbile ak gwo kagoul nan tèt yo chak swa nan plizyè lokalite nan seksyon an.

Dapwè revelasyon sitwayen sa yo, nèg kagoule sa yo ta nan konivans ak lòt jenn gason nan divès lokalite nan seksyon an yon fason pou kapab teworize abitan yo epi pran tout sa yo jwenn sou wout yo.

Pou koupe fache kont vye pratik jenn gason k’ap manniganse ak pil kagoul nan tèt yo, peyizan yo plede anfavè sekou bò kote lapolis ak lajistis yon mannyè pou evite plis moun viktim bò kote popilasyon sivil la nan 12èm seksyon kominal Tigwav.

Share:

1 comment

Leave a reply