Enstitisyon OPC egzije chanjman nan Wo Kòmandman Polis Nasyonal la.

376
0
Share:
TRiboLAND

05 – 28 – 2024


Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Swit ak enkapasite Wo Kòmandman Polis la e konpòtman e initil mesye Frantz Elbé pou kontrekare bandi kriminèl ak zam yo, OPC egzije chanjman nan tèt lapolis la, swit ak asasina 2 misyonè ameriken ak yon ayisyen nan Lizon komin Kwadèboukè, 25 me 2024 pase a.

Selon OPC, lapolis la depase pa evènman yo, enstitisyon an, kwè chanjman sa yo, se sèl kondisyon pou rive derasinen bandi ak zam yo nan peyi Dayiti.

Toutfwa, OPC envite manm konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, pou retabli sekirite sou tout tèritwa nasyonal peyi Dayiti atravè deplasman fòs miltinasyonal la, epi mete anplas konsèy nasyonal sekirite a.

Share:

Leave a reply