PNH detèmine pou fini ak bandi sangwen yo : yon lòt prezime asasen mouri Pòdpè

05 – 28 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan lannwit lendi 27 pou leve madi 28 me 2024, Lapolis mete dòmi nan je yon lòt prezime asasen nan vil Pòdpè. Job ensikoni se non endividi sila, ki gen baz li Dè Depo Ri Lopital.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal nouvèl TRiboLAND, Job ta fè pati ekip malfwa ki toujou ap bare moun chak maten ki pral pran liy Labank. Mesye sa yo tou konn opere nan simetyè Pòdpè a.
Antouka, manje ou renmen se li menm ki touye’w! Job mache pòs li apwè ke li te pran yon malen plezi ap pyafe nan mouvman bandi ou malfektè.






