Lapolis nan 2e vil peyi Dayiti mare kou krab yon prezime asasen baz Piktchool.

267
0
Share:
TRiboLAND


05 – 21 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nò peyi Dayiti pa deside nan tete lang ak bandi. Jounen lendi 20 me 2024 la, yo anonse yon lòt fwa ankò, yo mete men nan pat kasav Francius Joëlson alyas Malo, yon prezime asasen nan gang Piktchool.

Enfòmasyon nou rive jwenn bò kote jounalis T- Carry Maître vocal ta fè kwè, se ta Malo ki ta retire lavi yon jèn gason ak kout kouto nan lane 2023 nan zòn Madeline.

Nan moman n’ap pale la, Francius Joëlson alyas Malo, ki tap opere nan baz chèf gang Piktchool nan zòn riyèl Laferyè, twouve li anba men anketè SDPJ yo pou tout swit legal yo. ‎



Share:

Leave a reply