Gouvènman peyi blan Meriken anonse yo pral relouvri Pò Entènasyonal Pòtoprens lan.

274
0
Share:
TRiboLAND

05 – 20 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Bòn nouvèl pou depatman Lwès la ak lòt zòn ki antoure li yo. Nan yon entèvansyon kòmandan chèf lame Sid ameriken an, Laura Richardson, fè jounen lendi 20 me 2024 la, li anonse ke gouvènman peyi Etazini pral jwe pye ak men, pou relouvri Pò Entènasyonal Pòtoprens lan, ki twouve li nan Lasalin.

Nan sans sa a, jeneral Laura Richardson fè konnen, li vrèman enpòtan pou Pò a relouvri pou pèmèt bato vin debake, medikaman, gaz, manje ak materyèl sante yon mannyè pou soulaje peripesi fanmiy yo nan peyi a.

N’ap raplew ke, gwo deklarasyon sa a tonbe tout swit apre aktivite vòl avyon yo fin repwann nan Ayeopò Entènasyonal Tousen Louvèti a.

Share:

Leave a reply