Direksyon Jeneral Polis Nasyonal nan peyi Dayiti fenk resevwa plizyè machin konba pou kanpe goumen kont gang ame sangwen yo.

05 – 19 – 2024
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò direksyon jeneral PNH la anonse yo resevwa jounen dimanch 19 me 2024 la, anviwon 10 machin konba ki pral ede yo kanpe goumen kont kowalisyon gang yo nan peyi Dayiti.
Direktè jeneral la, Frantz Elbé ki t’ap pale nan moman seremoni livrezyon materyèl yo fè konnen, yon lòt fwa ankò yo desann chapo yo byen ba devan anbasadè peyi Etazini an, Dennis Bruce Hankins, pou jan bon bourab peyi Etazini ap ba yo pou kanpe goumen kont gang sangwen yo.
Pou direktè jeneral la, 10 machin batayè sa yo, pral kapab sèvi pou ranfòse kapasite operasyon PNH la, nan kad batay y’ap mennen pou ekstèmine gang yo sou moso tè Desalenn nan.






