Kòdonatè Asèk premyè seksyon Gran Gwav la, mande popilasyon a pou denonse nenpòt je enkoni yo ta wè nan rejyon an.

05 -10 – 2024
Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè azèk premyè seksyon kominal Gran Gwav, Lener Justin alias Tinènè, nan yon entèvyou li akòde ak laprès jodi vandredi 10 me 2024 la, nan lide pou mande popilasyon Gran Gwav la denonse nenpòt je enkoni yo ta wè nan rejyon an.
Azèk Lener Justin fè konnen, li genyen gwo tèt chaje pa rapò ak kantite prizonye li di ki sove nan prizon epi ki gaye kò yo nan lanati pou teworize popilasyon an. Azèk la, te vle fè referans sitou ak peyizan ki lage 2 bra balanse, san sekou nan seksyon kominal yo.
Lener Justin lanse apèl bay tout bandi, sangwen, kriminèl yo pou pran distans yo ak komin Gran Gwav, ki daprè li depi yo vini, yo pap tounen vivan, pandan ke abitan yo fè yon sèl ak lapolis, lajistis pou trake bandi sangwen kriminèl yo.
Yon lòt kote, Kòdonatè azèk premyè seksyon Kominal Gran Gwav la, Lener Justin, denonse yon gwoup bandi, malfwa, kriminèl li di ki menase lavi li akòz li pavle yo vin enstale kò gang yo nan seksyon lap dirije a.





