Minis komès ak endistri peyi Dayiti a, voye yon ekip teknik plase gwo poto limyè pou eklere Pak Nelson Petit-Frère nan Senlwidinò.

12-15-23
Senlwidinò, Ayiti__(TRiboLAND) Nan lide pou bay jarèt ak yon tounwa eskolè epi yon tounwa klèb pou fen ane a ki te genyen pou demare yè jounen jedi 14 desanm 2023 a, minis komès ak endistri a, Ricardin Saint-Jean, pran inityativ plante gwo poto limyè pou eklere Pak Nelson Petit-Frère, nan Senlwidinò.
Orijinè Nòlwizyen an Ricardin Saint-Jean, pran inityativ sila dapwè ekip li, se nan lide pou kreye bon jan lwazi pou jèn fanm ak jèn gason nan komin Senlwidinò, nan lide pou anpeche yo blayi kò yo bay fenomèn ensekirite a.
Nan sans sa a, plizyè manm nan popilasyon an bat bwavo lakontantman pou gwo jefò sa a, minis komès ak endistri peyi Dayiti a, deja kòmanse lakay li nan Senlwidinò nan lide pou fasilite balon woule lanwit tankou lajounen.






