Senlwidinò dram: Yon jèn gason mouri pandye anwo yon gwo pyebwa nan lokalite Nan Janti.

214
0
Share:
TRiboLAND

09-08-2023

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Michlot Youte se non yon jèn gason ki mouri pandye anwo yon gwo pyebwa jounen 7 septanm 2023 a, nan lokalite Nan Janti 4èm seksyon Rivyèba 07 setanm 2023 a.

Selon deklarasyon kèk manm nan fanmiy lan, Michlot Youte se yon jèn gason ki konn fè chabon pou vann ak machann detayan, ta sanble monte yon pyebwa pou koupe yon branch pou al fè chabon menm branch lan bloke msye anlè a, se la li bay dènye soupi li anwo pyebwa a.

Yo dekouvwi kadav Youte, apwè anpil bwas jous vè 8 è nan aswè, palanke ou kole anwo pyebwa a. Sak ki pi tris la se maten 8 septanm lan yo koupe pyebwa a pou yo pran kò a ki pat gen vi ladan l ankò.

Share:

Leave a reply