Yon gwo rankont òganize nan legliz kretyèn Koray Gicha sou delengans jivenil

07-30-2023
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon Koray Gicha, Wo 3èm seksyon Dègranj òganize yon gwo rankont jounen dimanch 30 jiyè 2023 a, nan objektif pou bwase lide sou pwoblèm jèn yo ki tounen delenkan e yon menas pou sitwayen yo nan zòn nan.
Konsa, sitwayen ou notab e latriye, arive mete sou pye yon komite ak 13 moun pou etabli lapè nan mitan popilasyon an, e gade egalman nan ki mwayen yon kapab mete anplas yon seri dispozitif pou dekouraje jèn gason lage nan debòch ak simen latroublay nan rejyon an.
Antouka, sitwayen konsène yo, konstate gen plizyè geto kote jèn yo ap vann ou fimen marigwana nan zòn nan, yon pwatik kap grangrene sèvo lajenès. Konsa, yon mande konkou leta, nan kad solisyon ke y’ap chèche a.
Chemen bouton se chemen maleng. Nou pap kite bandi vin pran chè nan kominote pezib sa a, se deklarasyon youn nan patisipan bwase lide yo nan Koray Gicha.






