Lapolis nasyonal nan Nò peyi Dayiti mete dòmi nan je 2 gwo koure.

191
0
Share:
TRiboLAND

Pou pipiti 2 gwo koure tonbe anba bal, 3 lòt mare kou krab, yon pistolè Glock 40 mm sezi, se bilan operasyon PNH la nan Nò peyi Dayiti.

07-31-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Pou pipiti 2 gwo koure fè vwèl pou peyi san chapo, 3 lòt mare kou krab, yon pistolè Glock 40 mm sezi, se rezilta yon operasyon kanson fè ajan PNH yo anrejistre jounen dimanch 30 jiyè 2023 a, nan depatman Nò peyi Dayiti.

Gwo koure ki tonbe yo se, Farousto Depena, ki te al refijye nan lokalite Ti Bouk Obòy. Li t’ap opere nan zòn mache piblik Okap la, ak tout akolit li ki tonbe, e lapolis pa bay okenn enfòmasyon sou idantite li.

Yon lòt bò nan menm operasyon sila, ajan PNH yo rive mete anba kòd, Rose Martine Jean Charles, Gella Jean Charles ak tout Valentin Stanley ki te genyen nan men yo, yon pistolè Glock 40 mm.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, lapolis tap chèche tankou chen fou, chèf gang pwisan, Farousto Depena , pou tèt li ta patisipe nan plizyè zak asasinay, Romelson ak Ti Piyay ensikoni, nan vil Kap-Ayisyen.

Nan moman operasyon boukantaj kout zam ak bandi yo, Delbrun Luckenson ak tout Régis Emmerson manke kite po yo, e pou koulya, y’ap resevwa ti moso laswenyay.

Share:

Leave a reply