Yon moun pèdi lavi l nan yon pi nan Komin Kap-Ayisyen.

03-16-2023
Samy Auguste, se non yon jèn gason 23 kafe, ke yo jwenn mouri nan yon pi sèk, nan zòn Blue Hills, nan vil Okap-Ayisyen an maten jedi 16 mas 2023 a.
Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Samy Auguste, yon jèn gason trè dinamik, 23 lane, ki pwatike metye fouye pi, arive mouri tèt nèg andedan pi a. Tout jounen jedi 16 mas 2023 a, pesòn pako konnen orijin lanmò jèn sila.
Dapwè revelasyon divès manm nan kominote a ak kolèg travay li ki orijinè Mòn Wouj, premyè seksyon kominal Plèn Dinò Nò, Samy rive pèdi lavil swit ak yon malèz ke’l te genyen nan moman li tap retire tè nan yon Pi ak yon bout bokit.”Mwen pa santim byen” se deklarasyon Samy Auguste, malerezman ki pat sanble jwenn sekou.
Yonn nan pwòch fanmi defen an, tap rakonte avan menm yo te rive sou sèn trajedi a, Samy ta sanble te gentan nwaye nan pi a.
Kadav la kite jwenn sipò Sapè Ponpye yo nan Okap, pou koulya ap glase nan mòg annatandan yon ankèt sou kòz okazyonèl lanmò jèn sila.






