Kòdonatè Biwo Proteksyon Sivil Nòdès bay esplikasyon sou aktivite yo reyalize nan kad pwojè ijans UNNICEF la.

185
0
Share:
TRiboLAND

03-08-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad yon konferans pou laprès kòdonatè AI Biwo Proteksyon Sivil Nòdès la bay jounen madi 7 mas 2023 a nan lokal enstitisyon an nan Kafou Chivry, Mesye Fleury Joanis fè konnen yo rive aktyalize: yon plan kontejans idwometeyolojik, redinamize estrikti proteksyon sivil yo nan 12 komin sou 14, yon komite pou komite kominal yo, sansibilizasyon sou radyo nan depatman an, fè fòmasyon pou komite pwoteksyon sivil yo nan 12 komin.

Li kontinye pou l di yo rive fè 12 vizit Teren, e rive fè mentnans nan biwo santral la nan achte enprimant katouch ki te fèt avèk yon montan 2.805 000 goud.

Kòdonatè AI Biwo Proteksyon Sivil la la fè konnen li reyalize tout sa li te gen pou l reyalize nan pwojè ijans UNNICEF la.


Share:

Leave a reply