Yon nouvo komisè polis enstale nan tèt komisarya Karis la

180
0
Share:
TRiboLAND

02-24-2023

Karis, Ayiti _____(TRiboLAND) Direktè Adjwen polis Nodès la, Jacques Antoine Étienne enstale jounen jedi 23 fevriye 2023 komisè Jean Blaise nan tèt komisarya kòmin Karis la.

An presans Majistra prensipal komin nan, Amide Gabriel, Reprezantan Tribinal la, sosyete sivil la avèk divès gran notab, komisè Blaise Jean enstale kòm premye komisè pòs sila a nan komin nan.

Nan deklarasyon direktè a pandan enstalasyon an fè, nouvo komisè a konnen li se responsab sekirite nan komin nan. Li fè konnen Karis se 8èm komin yo rive enstale komisè ladan l.

Nouvo komisè a bò kote pa l, mande kolaborasyon tout moun nan sosyete a; alòske majistra Amide Gabriel mande komisè a pou l travay men nan men ak popilasyon an pou n kapab kwape ti ensekirite ki vle monte nan rejyon an.

Nap raple se toujou yon enspektè ki tap dirije komisarya a, malgre polis la gen yon lwa ki di fòk se yon komisè ki dwe chèf yon komisarya.



Share:

Leave a reply