Aprè 100 lane egzistans, Lopital (HSA) nan Jeremi toujou pa an mezi pou reponn ak misyon l.

288
0
Share:
TRiboLAND

02-24-2023

Jeremi, Ayiti_____ (TRiboLAND) Paran ak malad kap frekante lopital Sen Antwan nan Jeremi, denonse direktè medikal la, Doktè Stenley Verrier.

Popilasyon konsène a repwoche Mesye Verrier deske li pa montre ase konpetans nan prokire lopital Sen Antwànn ekipman medikal nesesè tankou, gaz pou pansman, sering e betadinn. Menm yon jilèt, sa genyen pou wè avèk malad yo oubyen paran yo, ki deplase pou al achete l byen lwen lopital lan.

Konsa, sa vin lakoz anpil moun ki vinn nan sèvis ijans nan lopital (HSA) la soufri e mouri; yo pa jwenn medsen ak enfimyè pou pwan swen yo.

Sitwayen yo fè konnen, yon patrimwann medikal konsa, ke okipan Ameriken yo te konstri pou Jeremi Depi ane 1923, (sa fè 100 tan apwè) sa mal deske dirijan yo pa fè efò pou lopital sa reponn ak misyon l kise sove lavi.

Share:

Leave a reply