Wanament : Gradyasyon 11èm Promosyon EPCS batize “Le Sage”

07-26-2022
Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Se an prezans Direktè ak kèk manm nan staf direktwa Ecole Professionelle et Computer Services (EPCS) la, mesye Lubin Desravines remèt sètifika bay etidyan nan enfòmatik biwotik.
Seremoni an ki te kòmanse avèk yon defile ki te soti nan lokal EPCS la e ki fè yon long pakou nan vil la, ta l ateri nan oditoryòm kolèj Inivé nan Wanament. Yon pami staf kap dirije lekòl la te pran kèk minit pou pale kote EPCS soti pou l rive kote l ye la. EPCS fonde 25 jen 2015 avèk yon estatu fòmasyon profesyonèl. De 2014 pou rive 2022, lekòl la toujou fè elèv ki loreya a kado yon laptop “flanban nèf”.
Nan deklarasyon Direktè fondatè lekòl la, mesye Lubin Desravines, li ankouraje tout ti moun pran chemen yon lekòl profesyonèl, kote l fè konnen EPCS se 80% pratik e 20% teyori; anplis chak etidyan gen yon òdinatè devan yo pou travay. Mesye Desravines, di tout gradye yo byenvini nan mache travay la.
Yon defile ki te dewoule anba lapli, kote etidyan yo pat kanpe, e yo te pouswiv pakou a jis yo rive kote yo te prale a. Jan sa abitye fèt la loreya promosyon an te resevwa laptop tou nèf la nan men marenn promosyon an ak direktè lekòl la.
Jn Simon Manex






