Sezi zam pou yon inyèm fwa ankò nan vil Pòdpè

180
0
Share:
TRiboLAND

07-21-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan dwann yon nan vil Pòdpè fè yon lòt kout sezi jodi jedi 21 jiyè 2022 a nan anndan yon batiman ki soti nan peyi Etazini. Kidonk, sezi a fèt sou yon kagezon ki genyen 7 pistolè , 434 katouch ak 4 chajè 40, daprè sa moun te kapab li sou kont Twitter administrasyon Ladwann lan.

An gro, ajan dwànye yo arive entèsepte: 2 nan pistolè yo ki se kalib 9mm, 4 kalib 40, yon kalib 38,  2 chajè 9mm, ak 4 chajè 40. Men pou bal yo se: 197 katouch 9mm, 182 katouch 40 e 55 katouch 38.

Sa genyen yon bon bout tan site Kapwà Lamò a pa sispann fè aktiyalite nan trafik zam ak minisyon pou alimante group gang sangwen ki pa sispan mete chak jou dlo nan je popilasyon ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply