Popilasyon Senlwidinò deklare ke yo bouke ak kesyon vòl zannimo nan komin nan

165
1
Share:
TRiboLAND

06-02-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Madam Elisia Fortina akonpanye kazèk 6èm seksyon Lafag la, Josué, konsiyen yon milèt chèf gang 4èm seksyon Rivyèdèba a, Zayèl te pran nan men l 15 out 2020 vè 11zè nan maten nan zòn Chamwaz nan moman
li tap fè piwèt nan jaden l.

Konsa, Elisia ta fè konnen yè l rankontre milèt la nan men yon lòt moun nan mache Rivyèdèba. Akize a ki pat gen oken papye pou prouve milèt la se pou li, te retounen lakay li pou al chèche pyès jistifikatif ak legal, men pa janm retounen ankò.

Pratik vòlè bèf, kabrit, milèt, kochon, mouton, bourik, poul, pou vann ak machan oubyen ak lòt moun reselè, se fè dive! Se yon pratik ki delala tout malere e an gro apovri tout popilasyon an, sitou nan seksyon kominal yo , kote peyizan yo se ti bèt yo ki kanè bank yo.

Zannimo yo se inik resous abitan yo; se sél risèch yo pou fè fas ak difikilte lavi a, sitou nan yon moman Leta krizokal peyi a efondre!

Pierrilien Colly, TRiboLAND

Share:

1 comment

Leave a reply