Direktè jènès espò ak aksyon sivik depatman nòdwès la tanmen premye aktivite l

Louis Jameson
01/29/2022
Pòdpè_____(TRiboLAND) Direktè jènès espò depatman nòdwès la, Walken Joseph tanmen premye aktivite l jounen vandredi 28 janvye 2022 a nan medyatèk ki tabli kòl nan eveche Pòdpè a sou tèm sila : “Sansibilizasyon sou edikasyon sitwayènte andedan lekòl”.

Nan moman sila, anviwon 300 elèv ki te soti nan plizyè lekòl nan vil la te reponn prezan. Yo te genyen nan men yo plim ak yon kanè nan lide pou pran kèk nosyon k ap kapab itil yo.
Aloske, plizyè otorite te prezan tankou dwayen tribinal premye enstans lan Yves Marie Périclès, Clavel Gelin pwofesè syans sosyal, Michel Fedner ki se enspektè ministè edikasyon nasyonal elatriye, nan lide pou bay asistans yo nan yon gwo fòmasyon.
Walken Joseph ki genyen sèlman yon mwà depi l enstale kòm nouvo direktè espò pou depatman Nòdwès, antame yon seri demach striktirèl ki genyen pou objektif remanbwe espò a nan rejyon an.






