LAVI TOUT MOUN KONTE : NÒT POU LAPRÈS

Pòtoprens, 14 Novanm 2021*
*NÒT POU LAPRÈS*
——————
Nap remèsye laprès nasyonal ak entènasyonal ki te akonpanye Mach dimanch 14 novanm 2021 an ki te soti nan pwen rasanbleman li sou Chann Mas (Plas Konstitisyon) pou rive sou Lali, bò Imagrasyon, kote Lapolis ta pral tire anpil gaz lakrimojèn ak bal pou kraze Mach pasifik sa a.
Nou koube nou byen ba, pou nou salye fòs ak kouraj plizyè militan, divès sektè nan lavi nasyonal la tankou, sektè inivèsitè, jenès, sendikalis, relijye pou nou site sa yo sèlman, ki pat bat ba douvan ajitasyon, trakstasyon ak entimidasyon plizyè Manm SDP ki te vinn rele viv André Michel ak Premye Minis Ariel Henry pou te anpeche Mach la reyalize.
Nou denonse ak tout fòs nou konpòtman Lapolis ki pa diferan ak konpòtman politisyen tradisyonèl yo, ki te deside, malgre yo te verifye lèt notifikasyon an avan Mach la te derape, kraze Mach pasifik sa a ak Gaz lakrimojèn epi tire plizyè bal. Zak sila a montre aklè, Lapolis la kont tout mouvman sosyal ki pa kadre ak liy Politik SDP epi ak Premye Minis Ariel Henry.
Nap di ak tout sektè nan lavi nasyonal ak entènasyonal la, nou pap fè bak nan mouvman pou nou di *#LAVI TOUT MOUN KONTE#* anndan Peyi a. Nap kontinye mobilize pou nou denonse, ensekirite, Kidnaping, Vòl, Vyòl ak asasina tout kalte ki pa sispann fèt sou pèp ayisyen an.
Nap di pèp la, espesyalman jèn gason ak jèn fanm ki nan 4 kwen nan Peyi a, moman an rive pou nou :
– Pran kontwòl avni nou
– Pran kontwòl lavi nou
– Pa kite se yon ti gwoup kap pale pou nou
– pa kite moun defann dwa nou pou nou, dwa nou se pa nou
– Pa kite dechèpiyè kontinye kraze, piye epi gaspiye lajan taks nou yo
– Pa kite se lajan taks nou yo kap finanse gwoup gang pou touye nou
– Leve kanpe ansanm pou nou di *#LAVI TOUT MOUN KONTE#*
Nap raple ke, *# NÒT POU LAPRÈ #*, se yon SENDIKA, yon mouvman sosyal, ki regwoupe plizyè sektè nan lavi nasyonal la, ki deside batay pou *Lavi Moun* anndan Peyi a. Mouvman sa a kanpe aprè nou fin konstate nan sosyete a ke gen yon kategori moun, lè yo viktim ensekirite, vòl, vyòl ak kidnapinn, se laprès ak kèk sektè ki pale pou yo, men gen yon lòt kategori ki soti nan klas ki pòv yo, sa ki pi fèb yo, yo lage pou kont yo, tankou lavi yo pa konte. Mouvman sa a kanpe, se pou batay nan tout nivo pou *LAVI TOUT MOUN KONTE* anndan Peyi a.
Nap envite popilasyon an rete soude ak nou, paske moman an difisil, diskou sa a pap fè plezi ak yon kategori moun ki pran plezi nan touye lavi sou tout fòm anndan peyi a e Ki kwè se lavi pa yo selman Ki dwe konte.
Pèp Ayisyen, an nou fè yon sèl batay pou *#LAVI TOUT MOUN KONTE#*.
Moun ki siyen nòt sila a :
Réginald Gédéon
Jean Rodlet Jean Baptiste
Evens Paul (Ki pa KP)






