PNH sispan pou yon ti bout tan tout pèmi pote zam sou tèritwà nasyonal la

1,114

09-15-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) nan yon nòt tou lumen ke li mete deyò, Direksyon Jeneral Polis la, fè piblik la konnen ke yo suspan tout pèmi pou moun pote zam sou tout tèritwà peyi Dayiti.

Nòt lapopo a rapouswiv pou li di ke se fas ak chalè tansyon  kap pran jarèt nan kapital la ak nan lòt vil provens yo depi kèk jou. Konsa, nan atribisyon li pou jere ajitasyon klima ensekirite sa, tout pèmi pou moun pote zam anndan peyi a sispan jiska nouvèl lòd, daprè enstitisyon polisyè a ki tap depoze.

Sepandan, enstitisyon an ankouraje konpayi sekirite yo pou pran yon seri dispozitif apropriye ki kapab fasilite ranplasman sou plas yo.

Comments are closed.