Ti miyèt Sena repiblik la konte reyini madi 1 jwen 2021 an

225
0
Share:
TRiboLAND

05/31/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Selon revelasyon jounalis ant-kòripsyon, Djovany Michel, ti miyèt Sena repiblik la, ki reyini sèlman 10 senatè, konte rankontre demen madi pwemye jwen 2021 an nan Sena a.

Yon parèy tèt atèt antre nan kàd pou jwen yon inifòmite anndan Sena a sou pwojè referandòm enkonstitisyonèl pwezidan defakto Jovenel Moise la, dapwè yon sous ki anba zèsèl Sena a.

Gwo kesyon an se, eske yon parèy rankont pràl fè sa yo kite anfavè ou kont referandòm lan chanje pozisyon kazak yo? Se yon afè ki merite swiv.

Antretan, genyen pwezidan ti rès Sena a, Joseph Lambert ki pa sispan mande popilasyon ayisyèn nan pou fè yon fwon komen pou konbàt sou tout fòm “referandòm pèdi tan” Jovenel Moise la. Kontrèman ak kèk nan kolèk li yo (François Sildor, Wanique Pierre ak Ralph Fethière) nan ti miyèt Sena a ki apiye pwojè referandòm lòbèy gouvènman defakto PHTK a.

Share:

Leave a reply