Plizyè douzèn malad mouri bwile e kabonize nan yon lopital nan Irak

318
0
Share:
TRiboLAND

04/25/2021

 Lond_____(TRiboLAND) Yon dife katastwofik touye plizyè douzèn malad ki tap pran tretman nan yon lopital nan peyi Irak. Omwens 82 patyan jwen lanmò yo nan yon parèy dràm nan Lopital Ibn Al-Khatib nan kapital Irak la, Bagdad.

“Bilan moun ki pèdi vi yo a leve a 82 viktim,” dapwè yon pòtpawòl ministeryèl, Majò Jeneral Khaled Al-Muhanna nan yon deklarasyon ke li bay lapwès. Jiska prezan otorite yo ap envèstige ki sa ki ta okazyone yon parèy dife. Sepandan, Ministè Enteryè pa ekate egzistans yon men kriminèl nan yon parèy aksidan ki rete sispèk.

Genyen 28 malad kit e genyen sentòm kovid-19 pami moun ki mouri nan dife a, dapwè yon tweet Ali al-Bayati, yon pòtpawòl komisyonè. Alòske Wot Komisyon Endepandant pou Dwà Moun jodi dimanch 25 avwil 2021 an te fè sòti yon repòt inisyàl ki te deja fè eta de 58 moun ki mouri nan dife a, sepandan otorite Irak yo poko fè sòti yon rapò ofisyèl sou yon tèl dràm, dapwè Associated Press.

Share:

Leave a reply