Istoryen Georges Michel ki te deklare ke manda ansyen prezidan Jovenel Moise ap fini 7 fevriye 2022, finalman deklare Jovenel Moise “DIKTATÈ” ki tèt koupe ak Hitler, Musolino e latriye

361
0
Share:
TRiboLAND

02/10/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li bay plizyè media nan kapital la, istoryen George Michel ki te deklare ke manda ansyen prezidan Jovenel Moise ap fini 2022, reniche pwent kreyon’l jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an.

Istoryen an ki alafwa medsen, jounalis e yon ansyen Konstityan, deklare ke se nan diktatè nou la! “Jovenel Moise moutre aklè ke l’ap pratike zak ou mak fabwik dictatè tankou Francois Duvalier, Hitler, Musolino elatriye”.

Tout sektè nan vi nasyonal la rejte’l aprè fen manda li dimanch 7 fevriye 2021, dat echeyans Konstitisyonèl kòm defakto; ajoute a sa, li vyole konstitisyon an kòm rebèl e kontinye avèk yon akselerasyon nan detwi enstitisyon peyi e mete yon machin represyon tout kalite atravè peyi a.

Sevre genyen yon gwoup pèvè nan entènasyonal la ki kontinye ap supòte’l li; sepandan, kèk peyi tankou Etazini yon ti jan rale lejèman kò yo sou ansyen gouvènman an ki deside fè pwòp konstitisyon li.

Share:

Leave a reply