Jovenel anonse 75 mil transfè chak semènn

Pòtopwens___(TRiboLAND) Jovenel Moise reyitere volonte l pou fè avanse dosye transfè 3,000 goud la. Chèf leta a fè konnen yè vandredi a 15 me 2020 an, ke li kontinye ap fè bwas e pase enstriksyon fòmèl a Minis Afè Sosyàl ak Travay la, Nicole Yolette Altidor yon fason pou fè mache dosye a, konsa chak semènn 75 mil transfè kapab delivye.
Nan tèt kole avèk Minis Afè Sosyàl ak Travay la, PM Jouthe Joseph ansanm ak palè nasyonal, genyen yon senèji kap degaje yon fason pou fasilite pwogram sibvansyon 3,000 mil goud sa ateri e arive al nan pòch sa yo ki pi vilnerab, dapwè Jovenel Moise ki tap vizite SONAPI nan Delmas.






