Yon lòt fuziyad: 3 jènn gason krible anba bal nan Kafoufèy

228
0
Share:
TRiboLAND

Kafoufèy/Pòtopwens__(TRiboLAND) Twa jènn krible anba bal sangwen yo pa arive idantifye apwè midi 3 Mas 2020 an nan perimèt lakay yo nan site Lumyè nan zònn Kafoufèy.

Fuziyad sa ki pote ale ak lavi: Lélé, Jean Marc ak Patrick, mete tout moun sou katye a anba chòk ak konstènasyon. Yon lòt dram ankò ki pa sispann mete dlo nan je pò malere malerèz peyi a. Li rive nan yon kontèks kote zak kidnapping yo ak fuziyad an mas ap miltipliye pwèske chak 2 zèd tan atravè peyi a anba zye yon gouvènman konplis e koupyon.

Share:

Leave a reply