Senatè Kedlaire Augustin fè yon kanpe sou PHTK jiskaske yo bay esplikasyon sou gwo divizyon ki genyen ant Prezidan Jovenel Moise ak Baz Pati-a

NÒT POU LAPWÈS
Depi plis pase yon lane edmi Senatè Augustin anonse sa kap pase jodi a. Li fè anpil efò pou gen amoni ant pouvwa Prezidan Jovene la ak baz PHTK, anyen pa mache. Olye dirijan yo estriktire pati a pou bal yon doktrin ak règleman entèn ki ka pèmèt li fonksyone tankou yon pati modèn yo pito antre nan yon konfwontasyon ki te kòmanse an soudin men ki pran lari jounen jodi a.
Biwo Senatè Kedlaire Augustin konprann mal ke PHTK pa janm rive enpozel kòm yon fòs nan sena a malgre li gen 10 senatè, san konte “Boukliye” ki soti nan trip mouvman tèt kale a.
Li pa ka konprann konfli ki genyen nan tout depatman yo ant “Les amis de Jovenel” e militan PHTK ak kèk eli depite oswa senatè kap kore pouvwa a.
Li pa ka konprann ke prezidan PHTK, Line Balthazar fè yon deklarasyon sou ratifikasyon premye minis lan ki dezavwe tout senatè *PHTK* ki te pare pou vote deklarasyon politik jeneral li a. Jès sa a montre ke senatè ki eli sou PHTK yo pa anyen nan PHTK.
Li pa ka konprann Vis prezidan pati a, Yanick Mezile, pran radyo pou pran kontrepye deklarasyon Line yo. Sa montre ke pa gen antant, demokrasi ak prensip andedan pati a. Se kòmsi PHTK te fann an 2.
Nan dènye jou sa yo ekzekitif lan ap fè yon vag revokasyon nan delegasyon yo ak nan gouvènman an ki montre a klè ke divòs lan konsome piblikman ant Prezidan Jovenel e Prezidan Martelly nan yon moman kote pouvwa ap vin pi fèb de jou an jou. Yon moun ki gen pèsonalite pa ka rete ap asiste yon lòbèy konsa sanl pa di anyen.
Se rezon sa a ki fè senatè Augustin deside fè yon kanpe sou pati a, pandan lap mande yon chita ant dirijan yo ak eli yo pou wè si yo ka jwenn yon teren antant. Si nan yon semèn yo pa rive fè sa, li ap ekri pati a yon lèt demisyon ofisyèl avèk kopi konfòm bay prezidan sena.
Malgre tout dezakò li genyen ak pouvwa sou jan li trete nòdwès, sou estrateji kominikasyon ak estrateji politik li, malgre jan pouvwa tretel kòm eli PHTK, senatè a pa janm travèse nan opozisyon. Li toujou gen kouraj poul batay pou sal kwè, lap kontinye batay pou popilasyon nòdwès ki te ba li manda pou pale nan nonl, pou respè prensip ak demokrasi e pou peyi a.
Pòtoprens 27 sektanm 2019
Biwo Senatè Kedlaire Augustin
Senatè Repiblik la ki soti nan depatman Nòdwès.






