Opozisyon an nan Nòdwès reyaji aprè deklarasyon Chèf Leta a Mesye Jovenel Moïse

Pòdpè___(TRiboLAND) Pou Paul Elie Faustin ki se youn nan ba direksyon mouvman pwotestasyon deboulonaj chèf deta nan depatman Nòdwès, Jovenel Moïse se yon mantè e menm bonjou li pa laverite.
Pa gen ankenn enstans nan peyi a ki gentan pou al chita nan dialog ak yon demagog Dèmalòg ki se yon enkilpe ki pa jennen ap pale sou moun toujou. Paul Elie Faustin mande popilasyon nan kontinye monte drapo mobilizasyon an piwo jiskaske Jovenel Moïse ki se yon enkonpetan, yon tono vid ki pa gen anyen ke li ka jere nan peyi a ki lòg sou li e ki okazyone tou biwo piblik yo sanse gen pòt yo klete nan depatman Nòdwès la.
Saint Jean Wiskis, TRiboLAND






