Yon ponp gaz Total pwan dife sou wout aewopò Tousen Louvèti

152
0
Share:

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon dife pwan nan yon ponp gazolenn Total ki ant Delmas 17 ak wout aewopò nan kadè apwè midi-a jodi 25 Septanm 2019 la nan Pòtopwens. Gras ak entèvansyon anstans ponpye yo nan Delma yo arive limite dega e rann sitiyasyon an kontwolab.

Selon temwen, aksyon ensandyè sa a vinn manniganse apwè ajans polis nasyonal Dayiti ta simen yon rafal gaz lakrimojènn pou desann chalè yon gwo gwoup manifestan ki tap reklame demisyon Jovenel Moise. Konsa, plizyè endividi al pase kolè yo sou ponp esans Total la ki localize ant Delma 17 ak wout aewopò.

Share:

Leave a reply