Yon nèg nan Florid kraze 20 machenn e deklare se paske Pwezidan Donald Trump dwe li yon trilyon dola

Okaloosa/Florid: Yon sanzabwi nan Eta Florid la vandalize ayè lendi-a pou pi piti 20 machenn jouskaske li fatige e pi dòmi pwan-l sou yon ban. Selon otorite lokal yo, jènn nonm sa ta deklare se akoz de “yon trilyon dola ke Pwezidan Donald Trump dwe li ki fè li arive kraze machenn yo”.
Nan yon kominike pwès ke responsab polis nan Kontre Okaloosa yo bay, yo idantifye mesye a ki genyen 30 lane konsa, li pote non Justin James Wilson. Li andomaje apepwè plis pase 20 machenn ki te pake nan Otèl Holiday ki nan zile Okaloosa, nan Florid. Dapwè kèk temwen, Wilson te itilize wòch ak bouk sentiwon pou li te bat ak kraze vit machenn yo.
Responsab yo kontinye pou yo di, Mesye Wilson deja genyen pwèske 14 chèf dakizasyon kriminèl ki pandye sou li, san lòt akizasyon ke estime a $30,000 andomajman.
Nap raple, lè yo te resi jwenn Mesye Wilson, li te reyèlman mande di yo “mete-m nan pwizon e temwanye ke se li menm ki te kraze machenn yo paske machenn sa yo se te pou mafia”






