Ensekite: Yon gwoup malfwa inyoran ke yo pa arive idantifye desann anba bal yon gwo kad nan edikasyon nasyonal

211
0
Share:
TRiboLAND

Yon gwo potanta nan Ministè Edikasyon Nasyonal ki pote non Jonès Lagrandeur jwenn yon lanmò trajik 7 Dawou ki sot pase la anba aveni John Brown sou Lalue-a.

Nan yon nòt tris li fè sòti, Ministè Edikasyon Nasyonal di se avèk anpil konstènasyon li apwann trajik lanmò enspèktè pwensipal li ya pou Lagonav, Jonès Lagrandeur ke malfwa kriminèl yo pa arive idantifye desann anba bal ayè Mèkredi ki te 7 Dawou-a nan moman yo tap fè eskanmòtè.

Ministè-a reyèlman deplore ak anpil tristès depa pwesipite youn nan gwo kàd li yo ki se yon lidè respekte, devwe, dinamik, responsab e gwo travayè depi plis pase 35 lane e menm plede pou yon edikasyon kalite anndan peyi-a. Li te egalman yon antrepwenè ki fè siksè; visyonè-a te ranpòte premye pwi kòm Digic`el antrepwenè de lane! Li te kreye Joli Verger, ki se yon inisyativ enpwesyonan. (gade video pwojè Joli Verger a).

Ministè-a rekonèt se yon gwo kou pou kominote edikatif la ansanm ak depatman Lwès-la, patikilyèman Lagonav. Li voye yon chay senpati bay paran ak zanmi defen an pandan li espere yo poze la pat sou koupab yo e tradwi yo devan Lajistis.

Share:

Leave a reply