Nòdwès: Fèt Polis Nasyonal Dayiti (PNH)-la te selebwe nan yon anvironman san pwotestasyon popilè

Pòdpè__(TRiboLAND) Jodi 12 Jwen 2019 la, pandan plizyè depatman ap sekwe bil gouvènman Moise-Lapin an, Nòdwès fasilite fèt Police National-la selebwe nan yon atmosfè kalm e san ajitasyon popilè. Kontrèman, nan rès peyi-a tankou Pòtopwens ki te sou katryèm jou pwotestasyon nan kad pou mande demisyon chèf deta Jovenel Moise ke rapò Kou Siperyèdèkont lan epingle nan dosye Fon Petwokaribe. Fòs sekirite PNH la nan kapital-la pat reyèlman genyen opotinite pou selebwe jou sa-a sinon ke tande prezidan peyi ki tap defann tèt li nan espas Akademi Polis la nan Pòtopwens.
Antoukou, si reyèlman te genyen fèt pou polisye yo, li te pi sinifikatif nan rejyon Nòdwès-la kote ke Monès August, Komisè Divizyonè ou Dirèktè Depatmantal la te plis fokis sou vrè sinifikasyon okasyon an ki te plis chita sou sèvis ak pèfòmans kò polis la. Konsa, Chèf polis la ki tap adrese-l nan yon seremoni espesyal nan Katedral Imakile Konsepsyon, vil Pòdpè, tap depose devan yon odyans miks ki te chaje ak otorite sivil e relijwez, dinyitè ak reprezantan leta nan tout nivo-l. Li te enumere divès travay Enstitisyon PNH fè nan kad fòme yon seri jènn vinn devni sitwayen otantik ki kapab sèvi peyi yo. Direktè-a rapouswiv pou mete anfaz sou motivasyon ak sansibilizasyon ajan sekirite yo pou lute kont kriminalite.
Kidonk, bilan ane 2019-la selon Komisè Divizyonè-a, fè eta de divès domènn ki te predomine travay enstitisyon an kòmanse sou detensyon ilegal zam: 7, trafik ilisit stipefyan:1, kantite zam sezi: 8, e kantite arestasyon: 808. Li raple tou, akote devouman ajans yo pou pwoteje e sèvi, anpil nan yo pèdi vi yo nan ekzèsis fonksyon yo. Konsa, li te reklame yon moman silans pou divès dizènn frè ak sè dam yo ki deja tonbe nan travay sa.
Ychmuth Corneille, TRiboLAND






