Nijerya: Yon epidemic fyèv ki rele Lassa deja voye plis pase 93 moun nan peyi san chapo

182
0
Share:

03-08-2019

NIJERYA__(Triboland) Selon Sant Kontwòl pou Enfeksyon nan peyi Nijerya, kantite moun kap mouri anba fyèv Lassa a, deja koze plis pase 93 moun al bwa chat atravè peyi-a depi ke ane 2019 la kòmanse.

Nan repòt ke li fè sòti chak semen, Sant Kontwòl pou Enfeksyon nan peyi Nijerya enrejistre prèske 1, 374 ka sispèk ak 93 mò atravè 21 eta peyi-a san konte andan capital federal la.

Ant 25 Fevriye pou rive 3 Mas, 2019, gentan genyen 39 nouvo ka konfime e rapòte nan sis eta avèk 8 mò nan Edo, ondo, ak eta kogi.

Dirèktè Jeneral Sant Kontwòl pou Enfeksyon nan peyi Nijerya, Dr. Chikwe Ihekweazu di ke gen reyèlman yon ogmantasyon nan kantite moun ki enfekte yo semen sa konparativman nan 4 semènn ki sot pase yo.

Share:

Leave a reply