Anviwon 7 mwa aprè pasaj ouragan Melissa nan Jeremi, twonson wout Leyon an toujou enpwatikab.

77
0
Share:
TRiboLAND

04 – 18 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè anviwon sèt mwa aprè pasaj ouragan Melissa nan Jeremi, pwoblèm yo toujou pa rezoud; selon denonsyasyon kòdonatè Kazèk dezyèm seksyon kominal Jeremi an, Jocelyn Jacquet, rivyè Voldwòg ki te anvayi wout lan nan nivo Timadlèn rann sikilasyon an enposib menm pou pyeton.

Toujou daprè Kazèk Jocelyn Jacquet, mache piblik Leyon an pa frekante, malad ak fanm ansent kap soti nan Leyon, Bwasèk, Bouda, Mouye, Bigarad, Lopino, Fonkochon, ak Masanga bloke akoz rivyè a ki fè yon sèl ak wout la.

Fas ak gravite pwoblèm wout la ki depase konpetans direksyon depatmantal travo piblik Grandans lan, prezidan konsèy administrasyon seksyon kominal Leyon an, Jocelyn Jacquet mande minis Joseph Almathe Pierre Louis pou entèvni rapid nan yon parèy dosye.

Share:

Leave a reply