Lapolis Nasyonal Dayiti fouke yon fo polisye na Fondèblan

72
0
Share:
TRiboLAND

Fondèblan, Ayiti ____ (TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti pwosede ak arestasyon Bernard Jameson ki fè tèt li pase pou yon polisye nan lokalite Fondèblan ki trouve li nan depatman Sid peyi a, lendi 30 mas 2026 lan.

Selon enfòmasyon yo, Jameson fè tèt li pase pou yon enspektè polis ki responsab komisarya Fondèblan. Li itilize yon fo non enspektè polis pou l pran lajan nan men sitwayen yo epi manipile yo. Akize a ta enplike nan kase yon legliz katolik nan jiridiksyon an.

Pou kounye a, Bernard Jameson ap reflechi nan gadavi komisarya Fondèblan an, annatandan la’l repon’n kesyon lajistis pou sa yo repwoche yo.

Share:

Leave a reply