Popilasyon komin Lèziwa a, mande otorite konsène yo pou repare izinn elektrik solè a.

03 – 23 – 2026
Lèziwa, Ayiti______(TRiboLAND) Popilasyon an nan komin Lèziwa mande otorite konsène yo pou repare izinn elektrik solè a nan Komin Leziwa. Estrikti elektrik pre-ewolyèn sila ki te konstri sou prezidan Jovenèl Moise; li te fèt pou desèvi rejyon an, pandan li tap fonksyone ak enèji solè avèk van.
Aprè asasina prezidan, izinn nan pa an fonksyon anba boul je otorite yo depi plizyè ane akoz batteri ki anpeche li pwodwi kouran nòmalman. Anpil sitwayen fè remake, ke moun ki nan tèt peyi a genyen yon atitid malfektè; kòmanse sou Ariel, yo prefere abandone ou kite kraze tout bèl pwojè ke Jovenel Moise te deja mete sou pye, yon fason pou pini popilasyon an.
Selon temwayaj manm popilasyon nan vil Lèziwa, sou Jovenel, yo te toujou genyen kouran preske 24 / 24 e lè sa a yo, yo te konn fè anpil aktivite ki te pèmèt yo ravitaye ekonomikman. Konsa, inisyativ sila yo te ede yo pa pwan lanmè nan bwa fouye pou al riske chèche lavi lakay vwazen.






