Pou maten 07 fevrye 2026 lan, patizan Guy Philippe yo bloke wout nan nasyonal la nan zonn Kafou Zaboka.

02/07/2026
Pestel, Ayiti_____(TRiboLAND) Malgre lapli ap tonbe atravè depatman Grandans lan depi plizyè jou, sa pa anpeche ekip Guy Philippe yo nan komin Pestel, bloke wout nasyonal nimero sèt lan, nan nivo Kafou Zaboka. Moun sa yo ki genyen gro zam manch long nan men yo ak kagoul nan tèt yo, drese barikad sou wout lan; yo menm ale pi lwen, pou yo sezi kle machinn, telefòn, e menm pwan lajan nan men pasaje yo.
Plizyè santènn malere, malerèz kap frekante wout lan pou al chache lavi nan Miragwann, Okay denonse agresyon fizik kap fèt sou yo ak zam ki aji sou moral yo. Kidonk, yo fè konnen se lajan ponya yo pwan nan bank yo pou yo bwase. Aloske yon tonbe nan dilèm pou al vann pwodwi yo nan lòt depatman jeografik peyi a.
Fas ak zak brigandaj sa yo, peyizan, ti machann ak madan Sara yo ap sibi anba men atoufè san fwa ni lwa, ki di se revolisyon yap fè, pandan se afè moun yap dechèpiye nan vyolans ak anachi. Konsa, viktim yo mande otorite konsène yo pou aji yon fason pou fasilite lib sikilasyon moun nan kat kwen depatman Grandans lan.






