Lapopo mete dòmi nan je yon pwezime chèf gang nan yon operasyon tranble janm nan vil Okap Ayisyen

309
0
Share:
TRiboLAND

12/04/2025

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan lannwit mèkredi 3 desanm 2025, Lapolis nan Depatman Nò peyia mennen yon gwo operasyon nan zòn Palmis, Anwo Richard-Ville, Kap Ayisyen. Selon enfòmasyon ki sòti nan Direksyon Depatmantal Nò PNH a; operasyon an te debouche sou netralizasyon yon prezime chèf gang ki rele Desaleen.

Dapre Lapolis, te gen yon echanj kout bal ant fòs lòd yo ak endividi sa a. Desaleen pa t mouri sou plas, men li te rann dènye souf li lopital apre li te fin blese grav.

Materyèl Lapolis sezi nan men li :1 fizi kalib 12, 2 katouch kalib 12, 1 katouch kalib 45 mm, 1 telefòn ak plizyè mouchwa lèsen. Selon SDPJ Nò, Desaleen t ap opere kòm yon nwayo vyolan nan zòn Zidò, kote yo deklare li te enplike nan plizyè zak malonèt.

Direksyon Depatmantal Nò PNH la fè konnen, li rete mobilize e li detèmine pou kontinye mennen operasyon nan tout zòn ki afekte yo, yon fason pou mete men sou rès manm ekip sa a epi retabli sekirite nan rejyon an.

Share:

Leave a reply