DCPJ mande lajistis emèt yon manda rale trennen pote vini dèyè kòdonatè KONALD la, Carl Henry Péricles

10/27/2025
Pòtopwens, Ayiti _____(TRiboLAND) Lajistis nan peyi Dayiti mete yon manda rale trennen pote vini dèyè kòdonatè KONALD la, Carl Henry Péricles.
Swit ak yon rapò DCPJ mete deyò, yo mande otorite konpetant yo pou yo lage yon manda kont kòdonatè a ak tout adminitratè BAFOS la, Nolaire Compère pou yon seri zak kriminèl nan “RJ Rent a Car”, kote machinn konpayi sila yo anba so lajistis e pake anndan lokal enstitisyon an, e KONALD ap itilize yo andeyò yon seri lwa.
Daprè sa rapò DCPJ yo revele; KONALD fè yon latriye kout mètdam ak atoufè pou arive itilize machinn “RJ Rent a Car” yo, kòm bagay pèsonèl. Akote sa, rapò a DCPJ a sible egalman yon latriye sangwen kòriptè ki sou pouvwa KPT ki enplike nan yon parèy salmanaza.






