Depatman Nòdwès la bese drapo li devan memwa Marie Conceptia Charles

164
0
Share:
TRiboLAND

Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Depatman Nòdwès la pèdi youn nan pi bèl poto mitan li nan domèn edikasyon. Marie Conceptia Charles, yon fanm ki te gen lanmou pou timoun, disiplin ak devouman nan travay, ale vire do bay planèt la.

Pandan plizyè dizèn lane, madanm Charles te sèvi kòm edikatris epi enspektris lekòl primè, kote li te pase tout lavi li ap fòme, gide ak enspire jenerasyon timoun ak pwofesè nan tout zòn Nòdwès la.

Travay li, rigè li, ak pasyon li pou edikasyon te fè li vin yon modèl pou anpil moun. Anpil ansyen elèv ak pwofesè rekonèt jodi a se gras ak konsèy li, ak prezans li, yo te rive devlope tèt yo nan bon direksyon.

Depatman Nòdwès la, fanmi edikatif la, ak tout kominote ki te gen privilèj travay ak li, ap toujou sonje Marie Conceptia Charles kòm yon fanm kouraj, onèt, serye, e ki te kwè nan pouvwa konesans pou chanje lavi moun.

Ale trankil nan etènite byen erez gwo dam! Travay ou ap toujou rete imòtèl. Ke tè a lejè pou ou, Marie Conceptia Charles!

Share:

Leave a reply