Ministè agrikilti atravè yon finansman bank mondyal konte akonpaye plantè yo nan Grandans.

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan sousi pou ede rezoud pwoblèm ensekirite alimantè a, ministè agrikilti atravè yon finansman Bank Mondyal, konte akonpanye plantè nan sis komin depatman Grandans lan, tankou Jeremi, Mafran, Mowon, Rozo, Bomon, e Bonbon.
Pwojè agrikilti rezilyan sila, pou sekirite alimantè, ap pèmet peyizan plantè agrikiltè yo nan komin yo benefisye plantil, semans ak lòt akonpayeman teknik, kap fasilite yo ranfòse pwodiksyon nasyonal ki pa sispann fè bèk atè.
Daprè Kòdonatè CA-17 Entènasyonal-Agrokonsil lan, agronòm Jocelyn Jean, kap ekzekite pwojè agrikilti rezilyan an pou sekirite alimantè (PARSA) pou Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral, li deklare ke pwojè sila ap dire senk lane. Se yon bagatèl san swasant disèt milyon dola ameriken, yon fon kisoti nan Bank Mondyal, jis pou rezoud pwoblèm grangou an nan depatman Grandans lan ak kèk lòt depatman jeografik peyi a.






