Nòdès sante : 3 nouvo kad enstale nan Sant Sante komin Montòganize

484
0
Share:
TRiboLAND

Montòganize, Ayiti_______(TRiboLAND) Jounen mèkredi 30 avril 2025 lan, mete an evidans enstalasyon 3 nouvo kad nan “Centre Médico Social de Mont-Organisé” a (CMSMO).

Nan kad enstalasyon an, yon seremoni te arive dewoule anba 2 je direktè depatmantal sanitè Nòdès la, Dr Jean Clervain Dorsainvil, Dr Magarette Titus, direktris CMSMO ak Dr. John Cador Joseph ki se direktè Sant Sante Wanament lan.

Se konsa, Joseph Eloi arive enstale kòm administratè, Widmax Metellus responsab resous imèn e Rosemita Eloi responsab lojistik.
Nap raple, CMSMO twouve li nan Depatman Nòdès peyi a, yon bwàt sanitè kap byen depoze sèvis nan komin Montòanize, Wo Nòdès.

Share:

Leave a reply